top of page

Ressources.

Kisa yon Brochi ye?

Yon Brochi se yon zouti pwomosyonèl ki genyen yon jan espesifik li fonksyone ak li kapab bay kliyan oswa piblik la yon vizyon klè sou yon konpayi, òganizasyon, pwodwi, oswa sèvis. Li se yon dokiman enprimab, Yo ka bay enfo sou yon evènman oswa bay enfòmasyon sou yon sijè espesifik tankou ( Corona, MST, Agrikilti, Kanal Wanament lan) elatriye:


Brochi yo kapab konpanse plizyè objektif:

  1. Pwomosyon: Yo pèmèt konpayi yo fè reklam pou tèt yo ak pwodwi yo nan yon fason atraktif.

  2. Enfòmasyon: Yo bay kliyan yo oswa moun enterese yo enfòmasyon detaye sou sa yo ofri.

  3. Edikasyon: Yo kapab edike moun sou yon sijè espesifik oswa bay konesans sou yon bagay.

  4. Pèswadasyon: Yo ka sèvi kòm zouti pou pèswade osinon konvenk pou kliyan yo achte yon pwodwi oswa sèvis.

Brochi yo varye nan fòm yo. Yon brochi ka fèt sou yon fèy sèlman oswa plis pase yon. Gen kèk fòm popilè yo:

  • Bifold: Ki pliye nan de pati.

  • Trifold: Ki pliye nan twa pati.

  • Quad-fold: Ki pliye nan kat pati.

  • Pental-fold: Ki pliye nan senk pati.



Chak pati nan brochi a ka sèvi pou pataje diferan kalite enfòmasyon, tankou tèt ansanm, grafik, tèks, ak imaj.

Yon bon brochi ka fè yon gwo diferans nan jan yon konpayi oswa òganizasyon prezante tèt yo ak ofri yo nan piblik la.

 

Si ou enterese nan aprann kijan kreye brochi ki efikas, wap kapab jwenn fòmasyon nan KGO School.



95 vues1 commentaire

Posts similaires

Voir tout
bottom of page