Poukisa yon Grafis Oblije Gen Yon Sit Wèb Pòtfolyo?

Dizayn grafik se yon domèn k ap evolye ak devlope nan fason ki remakab nan lane 2023. Nan mitan tout teknoloji ki disponib kounye a, yon sit wèb pòtfolyo devni yon pyès ki enpòtan anpil pou tout grafis pro ki vle mete an valè travay li, konpetans, ak konesans li nan domèn kreyatif sa a.
Nan atik sa, KGO pral montre kijan yon sit wèb pòtfolyo ka fasilite yon grafis pro ki ta deside KREYE YON MAK PÈSONÈL (Personal Branding), tankou yon idantite dijital ki reflete nivo kalite travay li.
Nan lane 2023,
gen plizyè rezon ki ka fè ke Grafis yo ta dwe posede yon sit wèb pòtfolyo.
1- Demontre konesans ak konpetans yo:
Yon sit wèb pòtfolyo ofri yon platfòm ideyal pou Grafis yo ekspoze travay yo. Li pèmèt yo montre konesans ak konpetans nan divès kalite travay Ke yo kreye nan domèn sa. Lè Grafis sa ap rechèche yon travay, gen plis chans pou rekritè yo konsidere ou si ou gen yon pòtfolyo wèb ki montre kalite travay ou. Li montre klèman tou konsiderasyon ke w gen ak ke ou konsakre nan pratik kreyatif ou ak kapasite ou pou adapte ak evolye nan endistri a atravè nouvèl technologie yo.
Menmsi w ta gen yon kont:
•Behance
•Instagram ke w ekspoze travay ou.
Men yon sit web pòtfolyo pi enpòtan ke tout.
2-Fasilite aksè ak eksplorasyon:
Yon sit wèb pòtfolyo fasilite aksè ak eksplorasyon pou kliyan, antreprenè, ak potansyèl anplwaye. Yo ka wè travay ou, konsepsyon ou, ak konesans ou ke w ka pataje sou sit web pòtfolyo ou:
Tankou ekri atik, bay fòmasyon, vann pack, pran rdv elatriye.
E travay ou ap toujou dispo ak aksesib sou tout aparèy ki konekte sou entènèt. Sa a pèmèt a kliyan yo rive pran yon desizyon klè ak pi vit si yo ta renmen travay avèk ou ou non, ou ka pa inyore sa men sa ap ogmante chans ou pou jwenn nouvo opòtinite.
3-Pèsonalizasyon ak libète nan kreyasyon:
Kontrèman ak platfòm medya sosyal oswa mache grafik la, yon sit wèb pòtfolyo ba ou kontwòl total sou konsepsyon ak prezantasyon travay ou. Ou gen libète pou pèsonalize fòma paj la, koulè, tipografi, ak estetik jeneral la pou yo konfòme avèk estil pèsonèl ou ak brenn ou. Libète kreyatif sa a pèmèt ou kreye yon eksperyans koyeran ak envoutan pou vizitè yo, mete an valè travay ou nan fason ki pi enpak.
4- Fasilite rechèch sou Google ak SEO:
Nou pa ka inyore ke an 2023, gen anpil konkirans nan domèn grafik la, Avèk yon sit wèb pòtfolyo byen optimize, ou ka fasilman ranje pi wo nan rezilta Google epi ogmante chans ou pou jwenn plis opòtinite travay. Optimize SEO sou sit ou pèmèt plis moun jwenn ou lè yo fè rechèch sou enpòtan mo kle ki lye ak domèn dizayn grafik.
5-Posiblite pou konekte ak kolabore:
Kreyasyon yon sit wèb pòtfolyo louvri pòt pou posiblite pou konekte ak kolabore ak anpil dizaynè ki nan kominote. Lè w pataje travay ou sou entènèt epi w angaje ak lòt dizaynè ak pwofesyonèl nan domèn kreyasyon an, ou kapab etabli relasyon, eksplore ide, ak kolabore nan pwojè ki apwopriye. Kontak sa yo ka mennen a rekòmandasyon, patenarya, e menm jwenn opòtinite pou w jwenn osinon tounen yon mentor(Model) lòt dizaynè ;Sa ki ka vreman ede ou nan karyè ou kòm grafis.
Genyen yon sit web pòtfolyo se byen e menm trè trè byen, men kèk konsèy ak rekòmandasyon pou w pi byen jere pòtfolyo ou.
a)Prete atansyon ak vizyèl la; Asire w ke sit wèb pòtfolyo ou gen yon estil vizyèl konsistan , byen òganize ki ka bay kliyan ak vizitè a yon eksperyans amizan e cool. Pou l ka navige nan tout seksyon ak paj sou sit web pòtfolyo sa san grate tèt ak san l pa pèdi.
b) Aktyalize pòtfolyo ou; Kenbe pòtfolyo ou toujou aktyalize ak dènye kreyasyon ou yo. Si posib mete dat , briefing lan ak konte kontèks chak travay. Sa ap montre nivo angajman w ak konesans pratik ou nan domèn dizayn grafik ak sa ka jwe wòl pou konvenk kliyan ke w se yon pwofesyonèl ki byen òganize tou.
c) Fè li responsif; Asire w ke sit wèb pòtfolyo ou adapte ak divès kalite aparèy, tankou telefòn mobil, tablèt, ak òdinatè. Sa a ka ogmante aksè pou kliyan ak anplwaye potansyèl.
d) Pataje sou medya sosyal; Itilize medya sosyal pou pataje yon apèsi de chak kreyasyon ou ak kominote kreyatif yo akonpanye de yon link. Sa ka ogmante ekspozisyon pou travay ou ak pèmèt ou fè koneksyon nan endistri a.
e) Ajoute revi kliyan: Toujou afiche avi ak tout kòmante pozitif ke kliyan satisfè yo sou travay ou remèt yo epi ajoute yo nan sit wèb pòtfolyo ou a. Sa ap enspire konfyans ak vizitè oubyen potansyèl kliyan. Keseswa Screenshot, videyo, review google, odyo oubyen reyaksyon l lè l resevwa travay ou
Si w ta vle aprann kreye yon sit Web pòtfolyo , klike sou link sa